Aksè nan lang

Mande yon entèprèt
Tribinal yo bay entèprèt gratis pou ou pou tout konparisyon nan tribinal sivil ak kriminèl devan yon jij, yon majistra, oswa yon grefye tribinal. Sa gen ladan ka kriminèl, tikè trafik, ekspilsyon, sezi, divòs, pansyon alimantè pou timoun, gad timoun, titèl, dispit lajan, elatriye.
Tribinal la ap ba ou yon entèprèt pou tribinal la kit ou gen yon avoka kit ou pa genyen. Yo bay entèprèt tou pou konvèsasyon ant pwokirè yo ak viktim yo oswa temwen yo, ant avoka tribinal la nonmen yo ak kliyan yo, epi ant avoka Pwogram Guardian ad Litem yo ak pati ki enplike nan ka a.
Si ou bezwen mande aranjman ADA, tankou yon entèprèt Lang Siy Ameriken, tanpri itilize fòm demann ki anba Aksè pou Andikape pito.
Kilè tribinal la ap nonmen yon entèprèt?
Tribinal la ap mande yon entèprèt pou nenpòt pwosedi tribinal ki enplike yon pati ki enterese ki pale yon lang ki pa angle kòm lang prensipal li epi ki gen yon kapasite limite pou li, pale, oswa konprann angle.
Ki moun ki ka jwenn yon entèprèt tribinal?
Tribinal yo ap bay yon entèprèt nan tribinal pou yon "pati ki enterese" ki pale yon lòt lang apa angle kòm lang prensipal li epi ki gen yon kapasite limite pou li, pale, oswa konprann angle.
Ou se yon "pati ki gen enterè" si ou:
- Moun ki te depoze pwosè a ("demandeur a"), moun y ap pouswiv la, oswa moun yo akize nan yon ka kriminèl ("defandè a")
- Yon viktim nan yon ka kriminèl
- Yon temwen nan nenpòt ka
- Yon paran, yon gadyen legal, oswa yon moun ki gen responsablite legal pou yon minè
- Yon gadyen legal oswa moun ki responsab yon pati adilt
Kilè tribinal yo p ap bay entèprèt?
Leta a pa kouvri pri yon entèprèt pou:
- Kominikasyon ant avoka kliyan an anplwaye (pa avoka nonmen) ak kliyan yo, eksepte pandan yon jij ap tande ka a.
- Kominikasyon ant avoka Èd Legal oswa lòt avoka ki pa gen pwofi ak kliyan yo, eksepte pandan yon jij ap tande ka a.
- Kominikasyon ant moun ki gen yon ka nan tribinal ak avoka Depatman Sèvis Sosyal yo oswa ajan ki fè respekte lalwa sou sipò pou timoun.
- Fonksyon pwobasyon ak libète kondisyonèl.
- Fonksyon lapolis (fòs ki aplike lalwa).
- Medyasyon tribinal kriminèl.
- Medyasyon ak abitraj prive.
Kijan pou mande yon entèprèt tribinal
Ou menm oswa avoka w la ta dwe soumèt yon demann pou yon entèprèt bay Kowòdinatè Aksè Lang lokal la (LAC). Ou dwe soumèt demann alekri yo elektwonikman lè w ranpli Fòm Demann pou Entèprèt Tribinal Lang Etranje Pale a.
Yo dwe soumèt demann pou entèprèt omwen dis (10) jou ouvrab anvan dat ki pwograme pou sesyon tribinal la.
Si ou pa mande yon entèprèt anvan dat tribinal la, ou ta dwe avize grefye tribinal la oswa majistra a ke ou bezwen yon entèprèt le pli vit ke ou rive pou pwosedi tribinal la. Si LAC a pa gen ase tan pou jwenn yon entèprèt tribinal kalifye, pwosedi w la ap kontinye.
Ki moun ki peye pou entèprèt tribinal la?
Branch Jidisyè a ap bay yon entèprèt sou depans leta nan tout pwosedi tribinal sivil ak kriminèl devan yon majistra, yon greffye tribinal siperyè, yon tribinal distri, yon jij, yon jij tribinal siperyè, Lakou Apèl, oswa Lakou Siprèm.
Branch Jidisyè a ap bay yon entèprèt sou depans leta pou medyasyon sou gad timoun, medyasyon pou pèmanans, ak konferans sou planifikasyon timoun.
Branch Jidisyè a ap bay yon entèprèt sou depans leta pou fasilite kominikasyon ant avoka distri a, defandè oswa repondan ki endijan yo ak avoka yo nonmen an, oswa Pwogram Guardian ad Litem nan.
Branch Jidisyè a pap bay yon entèprèt sou depans leta pou kominikasyon deyò tribinal ant avoka prive ak kliyan sivil yo, avoka prive ak defandè kriminèl ki pa pòv yo, pou fonksyon pwobasyon ak libète kondisyonèl, epi pou medyasyon ak abitraj prive.
E si m bezwen yon entèprèt deyò tribinal la?
Deyò tribinal la, Branch Jidisyè a ofri sèvis entèpretasyon pa telefòn pou ede moun LEP yo kominike avèk pèsonèl tribinal la. Di anplwaye a ou bezwen yon entèprèt, epi anplwaye a ap fè aranjman pou yon entèprèt ede w pa telefòn san okenn frè pou ou. Lè w ap mande pou yon entèprèt, di non lang ou pale a oswa montre lang ou sou yon kat I-Speak anplwaye a ba ou.
Ki wòl entèprèt tribinal la?
Entèprèt la ap entèprete tout sa ou di an anglè epi l ap entèprete tout sa yo di nan tribinal la an anglè nan lang ou. Entèprèt la ap entèprete nenpòt kominikasyon ant ou menm ak jij la, epi nenpòt ti kominikasyon ou bezwen genyen ak avoka w la pandan odyans lan devan jij la. Entèprèt la p ap pataje okenn enfòmasyon deyò tribinal la. Entèprèt la p ap bay konsèy legal oswa eksplike sa k ap pase nan tribinal la. Mande avoka w la oswa jij la si w gen kesyon sou sa k ap pase a. Entèprèt la ap entèprete kesyon w yo pou avoka w la oswa jij la, men li p ap ka reponn kesyon pou ou.
Sa Entèprèt Tribinal la pral fè
- Anvan pwosedi a kòmanse, entèprèt tribinal la ap bezwen tande w pale nan lang matènèl ou epi l ap eksplike w wòl li antanke entèprèt tribinal.
- Pandan pwosedi tribinal la, entèprèt tribinal la ap ede ou kominike avèk avoka ou, pèsonèl tribinal la, epi jij la.
- Entèprèt tribinal la ap entèprete tout sa ou di an anglè epi l ap entèprete tout sa yo di nan tribinal la nan lang matènèl ou.
- Entèprèt tribinal la ap entèprete tout sa yo di san li pa ajoute, retire, oswa chanje anyen.
- Entèprèt tribinal la ap kenbe konfidansyalite nenpòt enfòmasyon ou te divilge deyò pwosedi tribinal la.
Sa Entèprèt Tribinal la pa pral fè
- Entèprèt tribinal la p ap ba ou konsèy legal oswa okenn lòt konsèy.
- Entèprèt tribinal la p ap pale avè w sou ka w la.
- Entèprèt tribinal la p ap eksplike sa mo yo vle di oswa sa k ap pase nan tribinal la.
- Entèprèt tribinal la p ap reponn kesyon sou lalwa a oswa pwosesis legal la.
- Entèprèt tribinal la p ap gen konvèsasyon prive avè w oswa fanmi w.
- Entèprèt tribinal la p ap ranpli fòmilè yo pou ou.
Konsèy pou travay avèk yon entèprèt tribinal
- Pale klè epi nan yon vitès modere, epi sonje fè yon poz ant chak panse konplè lè repons ou yo long.
- Koute entèprèt tribinal la epi reponn sèlman nan lang matènèl ou, menm si ou konprann yon ti kras angle.
- Pale dirèkteman ak moun k ap poze w kesyon an oswa k ap pale avè w la, pa ak entèprèt tribinal la.
- Tann jiskaske entèprèt la fin pale anvan ou pale.
- Reponn lè entèprèt tribinal la fè siy ak men l pou w ralanti oswa pou w sispann pale pou l ka entèprete sa w di a.
- Mande entèprèt tribinal la pou l repete sa li entèprete a, pou l pale pi fò, oubyen pou l pale pi dousman, si sa nesesè.
- Si ou chwazi sèvi ak yon entèprèt, ou dwe temwaye nèt nan lang ou pa pale a. Ou pa ka temwaye an pati an anglè epi an pati atravè yon entèprèt, menm si ou ka pale epi konprann yon ti kras anglè.
Èske fanmi ak zanmi ka sèvi kòm entèprèt tribinal?
Non. Fanmi w oswa zanmi w ka ede w kominike avèk anplwaye tribinal la deyò tribinal la. Sepandan, se sèlman entèprèt ki apwouve pa tribinal la ki ka sèvi kòm entèprèt tribinal nan pwosedi tribinal ofisyèl yo.
Si mwen pale yon ti kras anglè, èske mwen ka toujou jwenn yon entèprèt?
Wi, si kapasite ou pou pale oswa konprann angle a limite.
Ki lang ki disponib?
Biwo Sèvis Aksè Lang lan ap jwenn yon entèprèt pou nenpòt lang ki nesesè pou yon pati ki enterese ka patisipe nèt ale epi yon fason jis nan tribinal la. Anpil gwo konte gen entèprèt tribinal panyòl nan pèsonèl yo. Avèk yon avi davans, yo ka pwograme entèprèt pou anpil lòt lang. Si ou pa mande entèprèt la davans, ou toujou gen dwa pou gen yon entèprèt nan tribinal la, men dat tribinal ou a ka retade.
E si mwen nan tribinal epi mwen bezwen yon entèprèt men mwen pa t mande youn davans?
Si ou bezwen yon entèprèt, ou ka di jij la lè yo rele ka w la, oubyen ou ka di grefye tribinal la anvan yo rele ka w la. Selon disponiblite a, yon entèprèt ka disponib pou ou jou sa a oubyen pa. Si pa gen yon entèprèt tribinal kalifye ki disponib, jeneralman ka w la ap “kontinye” oubyen ranvwaye pou yon lòt jou.
Èske yon entèprèt ka ede m pale ak anplwaye tribinal la deyò sal tribinal la, tankou grefye tribinal la?
Wi. Gen sèvis entèpretasyon pa telefòn ki disponib pou ede w pale ak anplwaye tribinal la. Di anplwaye a ou bezwen yon entèprèt, epi y ap fè aranjman pou yon entèprèt ede w pa telefòn.
Èske lòt pati a ka fè objeksyon sou yon demann pou yon entèprèt?
Non. Jij yo gen enstriksyon pou yo toujou asire ke gen yon entèprèt kalifye nan tribinal pou nenpòt moun ki mande yon entèprèt.
Kisa mwen ta dwe fè si mwen gen enkyetid konsènan entèprèt la nan tribinal la?
Si ou gen yon avoka, di avoka a pou yo ka adrese enkyetid ou yo ak jij la, si sa nesesè. Si ou pa gen yon avoka, di jij la enkyetid ou yo. Ou kapab tou depoze yon plent apre tribinal la. Gade anba a pou enfòmasyon sou kijan pou depoze yon plent.
Èske mwen ka jwenn fòmilè tribinal oswa lòd nan yon lòt lang?
Kounye a, gen anpil fòm tribinal ofisyèl ki disponib an panyòl ak an vyetnamyen. Si yo te ba ou yon fòm tribinal an anglè, ou ka chèche vèsyon bileng lan sou entènèt lè w sèvi ak nimewo fòm lan (ki kòmanse ak AOC) oswa tit anglè fòm lan epi chwazi panyòl oswa vyetnamyen.
Èske yon entèprèt ka li fòmilè oswa lòd pou mwen?
Si w nan tribinal jou dat tribinal ou a, yon entèprèt ka "tradui aklè," oubyen li fòm tribinal yo pou ou nan lang ou. Entèprèt tribinal la pa ka reponn kesyon ou genyen sou fòm tribinal yo. Tribinal yo pa bay entèprèt pou li fòm ou resevwa nan lapòs la. Entèprèt la ka entèprete yon lòd vèbal jij pandan w nan tribinal la. Ou ta dwe asire w ou poze jij la kesyon sou nenpòt bagay ou pa konprann pandan w nan tribinal la. Tribinal yo pa bay tradiksyon lòd ekri ki te pase apre dat tribinal ou a.
E si yo refize ban m yon entèprèt?
Ou ta dwe pale fò epi di jij la ou bezwen yon entèprèt. Si ou kapab, eksplike sa ou bezwen.
Si yo refize ba ou yon entèprèt, ou ka depoze yon plent bay Ofisye Aksè Lang lan.
Kijan m ka jwenn yon entèprèt oswa yon tradiktè prive?
Si ou bezwen entèpretasyon oswa tradiksyon ke tribinal yo pa bay, ou ka anboche pwòp entèprèt oswa tradiktè ou. Ou ka jwenn yon lis entèprèt tribinal ki sètifye nan lang panyòl ak enfòmasyon kontak yo. Pou lòt lang, ou ka kontakte Biwo Sèvis Aksè Lang nan (919) 890-1407 oswa OLAS@nccourts.org.

Adrès Postal
Sant Jidisyè Karolin di Nò
Bwat Postal 2448
Raleigh, NC 27602
Plent/Enkyetid sou Aksè Lang
Nimewo gratis: (855) 390-4111

